Yo mare bouch mwen Se pou m pa pale Yo pa vle pep la Konnen la verite Yo kouvri je nou Se poun pa ka wè Si n ta louvri je nou Nou ta we se yo kap fè n Yo bouche zorey nou Pou nou pa tande Nou pa tande lespri a Paske n dekonekte Yo vin nan peyim Yo jwe nan lesprim Fem tounen zonbi Pou travay nan faktori Mezanmi tande yon koze Pouki libete nou mize Se blan ki fout nou yon wanga Ki koz tout peyi a gaga Konyea sevo nou vini sal Nou fe pwop fre n ak tet nou mal Yo mete wanga a tout kote Menm nan andeyo a yo monte Yo lage li devan pot Kife neg pa vle we lot Yo simen li menm nan liv Se sak fe nou pa ka viv Yo simayel nan tout klas Ki fe len gade nan glas Nou fe tout mod ilizyon Vin esklav move vizyon Yo vin nan peyim Yo vole kiltim Yo relel mistik Pandan yap fe kopi Mezanmi tande yon pawol Di mwen si ou pa we sa dwol Yo di nou pa gen tradisyon Yo menm din pa gen relijyon Yo vin pou mistifye vodou Gade jan y ap dans
on tanbou Yo mare bouch mwen Se poum pa pale Men map sevi bik mwen Poum ekri la verite Yo kouvri je nou Se poun pa ka we Mwen twazyem je a Genyen pou li ouve Yo bouche zorey nou Pou nou pa tande Men depi tanbou frape Tout zanset komanse pale
